Thursday, July 26, 2007

20 an apre masak ti peyizan Janrabèl yo « Mare ren nou, sere ran nou pou ranfòse kan popilè a… »

20 an apre masak ti peyizan Janrabèl yo « Mare ren nou, sere ran nou pou ranfòse kan popilè a… »

madi 24 jiyè 2007

Mesaj direksyon nasyonal Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen nan okazyon ventyèm anivèsè masak ti peyizan Janrabèl ak Bochan yo

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 24 jiyè 2007

(Li atik orijinal la)

23 jiyè 1987 – 23 jiyè 2007, deja 20 tan depi gwo kò deli ak dezas Masak Janrabèl ak Bochan an te voye nan peyi san chapo 139 ti peyizan, san konte blese ak andikape. Gwo dram sa a te lage anpil fanmi peyizan nan depatman Nòdwès la 2 men nan tèt, pandan opinyon nasyonal ak entènasyonal la te anba gwo emosyon.

Gwo masak sa a se repons dezespere, avèg, vyolan e kalkile klas dominan nasyonal ak entènasyonal te bay MOUVMAN TET ANSANM ti peyizan Janrabèl ak Bochan, devan volonte yo pou ti peyizan ayisyen te soti anba tè kote lenmi pèp la antere yo depi 1804. An menm tan, masak 23 jiyè 1987 la te yon avètisman pou tout sektè popilè, pwogresis ak demokratik ki te angaje nan batay kont lòd ekonomik, politik ak sosyal enjis ki tabli nan peyi a depi lontan anba dominasyon kapitalis mondyal la.

Poutan malgre tout klate sa yo nan estrateji ak aksyon fòs dominan yo, 20 tan apre masak la, divès sektè nan peyi a kontinye ap repete pwopagann lenmi pèp la foure nan tèt yo, komkwa, masak Janrabèl la se te rezilta batay ti peyizan ak ti peyizan. Sektè sa yo fè tankou yo bliye kokennchenn limyè Nikòl Pwatvyen te pote sou otè masak la. Okenn moun ki gen bon sans epi ki onèt pa kapab bliye imaj Nikòl Pwatvyen ki t ap bat lestomak an triyonfatè nan Televisyon Nasyonal pou te devwale san li pat rann li kont, veritab planifikatè ak òganizatè masak la. San okenn jèn, li te deklare ak kè kontan : « Nou menm nan kan ameriken an, nou tchwe 1042 kominis ! »

Kòm pòtpawòl klas dominan yo nan moman an, Nikòl Pwatvyen te konnen trè byen de kisa li t ap pale. Li pat gen okenn dout sou sektè ki te planifye masak la. Li te klè se te sektè ki te reprezante sa li te rele : « Kan Ameriken an ». Sa te vle di grandon yo, Lame Dayiti, chèf seksyon, reprezantan dirèk enperyalis la ansanm ak tout lòt zakolit yo. Kidonk, tèz batay ti peyizan ant ti peyizan an, se yon tèz malfektè yo te mete devan kòm paravan pou te maske veritab kriminèl yo. Epi pou detounen atansyon opinyon piblik la. Men li klè, jan Nikòl Pwatvyen te di l, nan masak la, te gen 2 kan : kan masakrè kriminèl yo Gwo Nikòl te rele « Kan Ameriken an » epi kan viktim inosan yo, li te rele « Kan Kominis la ». Pi devan nan deklarasyon li te fè nan dat 25 jiyè 1987 nan Televizyon Nasyonal, Nikòl Pwatvyen te pi klè toujou. Li te deklare : « se ameriken ki sove nou, se yo ki te vin mennen ankèt pou nou ».

Lòt gwo manti ak pwopagann kan masakrè kriminèl yo lage nan lari a pou detounen atansyon moun sou yo : yo vle fè ti peyizan TET ANSANM ak moun ki t ap akonpaye yo pase pou anmèdan, chache kont epi tizè dezòd ak vyolans. Selon pwopagann sa a, se nan chache kont, nan simaye grenn diri ak poud kokayin nan mitan ti peyizan yo, ki te pouse yo al pete batay ki te mennen nan masak 23 jiyè 1987 la.

Mezanmi, ala pwopagandis yo fò, se pa teknik ak ladrès ki manke yo ! Yo vle fè inosan pase pou kriminèl, pandan y ap chache fè asasen yo pase pou inosan ! Yo fè ekspre, yo fè kòmkwa yo pa konnen si masak 23 jiyè 1987 la se te aboutisman yon bann ak pakèt agresyon, entimidasyon, konplo ak atak vyolan grandon, Lame Dayiti, sèten sektè reyaksyonè nan legliz katolik ak pwotestan, nan sendika jòn KAT KLAT ak yon ti ponyen jounalis k ap defann movèz kòz t ap mitonnen san rete kont Gwoupman Tèt Ansanm ak Ekip Misyonè Janrabèl la, pran depi 9 me 1986 rive 23 jiyè 1987.

Jodi a nou pa ka bliye jan grandon Remy Lucas te pran tèt yon bann asasen pou t al boule 15 kay ti peyizan nan Gwosab, jete rekòt yo epi detwi plantasyon yo, jou ki te 9 me 1986. Menm jou a, ak dòt zakolit li, Remy Lucas te antre kay Ekip Misyonè a nan Bouk Janrabèl kote li ta pral sasinen yon manm Ekip la ki te gen tan chape erezman.

Nou pa ka bliye 4 jiyè 1986, lè Nikòl Pwatvyen t ap mache kole trak kont Gwoupman ak Ekip Misyonè a nan bouk Janrabèl. Nou pa ka bliye 2 Dawou 1986, kote Nikòl ak Jèvè Pwatvyen epi Witni Era ki gen ti non jwèt Ti Lyetnan t al kraze vit kay Ekip Misyonè a nan Bouk Janrabèl. Nan menm dat sa a grandon yo te monte bann pou t al atake mann Gwoupman yo ki t ap manifeste mekontantman yo pasifikman kont atak ak menas grandon Mawouj te fè sou manm gwoupman.

Nou pa ka bliye 18 Novanm 1986, lè grandon te monte anbiskad kont manm Gwoupman ak Ekip Misyonè nan Gwo Basen. Nou pap bliye 2 jiyè 1987, lè grandon Janrabèl te atake direktè medikal lopital Janrabèl la ki te sou reskonsablite Ekip Misyonè a. Yo te vle fè kwè se popilasyon an ki te leve kont travay Ekip la.

Nou pa bliye 27 Dawou 1986 lè anbasad meriken tal mennen ankèt sou Gwoupman TET ANSANM ak Ekip Misyonè a nan Janrabèl, sou demann grandon yo, pi espesyalman sou demand Jan Michèl Richadsonn, dapre deklarasyon yon anplwaye anbasad ameriken, David Lee, li menm te fè.

Nou pap bliye atak yon reskonsab Legliz Advantis nan Bochan te fè sou pè Renal Klerisme ak sou kèk antèt Gwoupman nan lannwit 9 pou rive 10 oktob 1987. Nou pa ka bliye e nou pap janm ka bliye dènye seri atak fòs lanmò yo ki ta pral mennen finalman nan masak 23 jiyè 1987 la. Dènye seri atak sa yo te kòmanse nan dat 28 jen 1987 nan 4èm seksyon Janrabèl sou Lamontay, apre prèch Monseyè Kolimon ki te lanse modòd sa a pou fidèl li yo : « lè w bezwen debranche yon gwo pye bwa ki manbre, se nan branch li pou kòmanse ». Se konsa dènye seri atak kont Gwoupman TET ANSANM ak Ekip Misyonè Janrabèl la ta pral tanmen depi 28 jen 1987 nan Lamontay. Atak yo te kontinye 3 jiyè 1987 nan Larezèv epi te rapouswiv pratikman san rete nan zòn mòn yo, pran depi 28 jen 1987 jis lame san fwa ni lwa a te rive atenn zòn Leba yo 23 jiyè 1987 la.

Tout aksyon sa yo t ap mennen kont Gwoupman TET ANSANM ak Ekip Misyonè Janrabèl la paske ti peyizan yo t ap batay an granmoun pou te fè rekonèt dwa ak valè yo, pou pwodiksyon nasyonal ak refòm agrè, pou jistis sosyal nan yon sosyete kote yo te toujou mete peyizan, malere ak malerèz deyò. Epi paske Ekip Misyonè Janrabèl la t ap soutni Gwoupman yo kòmsadwa nan batay sa a. Jodi a, 20 tan apre nou sonje … Bay kou bliye pote mak sonje !... Nou sonje … Nou sonje w Salira, Salira Vilfran ! Nou sonje w Telijèn, Telijèn Janbatis ! Nou sonje w Man Djoul, Man Elvesiyis Devil ! Nou sonje w Amozyèl, Amozyèl Oska ! Nou sonje… Nou sonje…

Ayibobo pou nou konbatan ! Ayibobo pou tout egzanp ak temwayaj korèk nou kite pou nou kirete dèyè ! Aksyon nou yo ap kontinye trase vèvè nan lespri ak nan memwa nou pou lavi ka fleri sou tè Dayiti yon jou kon jodi a ! Nou di sa nan memwa nou tout ki te dakò sans solidarite jounen 23 jiyè a ! Jodi a nou menm ki rete dèyè, nou rete kwè nan solidarite sa a ki dwe mennen nan chanjman pou lòt sosyete nou t ap goumen pou li a ! Nou rete atache a sans batay la, menm lè gen anpil nan nou ki vire kazak, ki trayi, k ap ranpe jodi a, kal rabfòse kan lenmi an, oswa ki dekouraje !

Jodi a, nou menm peyizan Janrabèl ak Bochan ki te tonbe yo, n ap sonje nou nan yon moman kote fòs militè ak sivil etranje okipe peyi nou anba labanyè LONI ak konplisite divès gouvènman ki pase sou pouvwa a, pran depi 2001 sou Aristid, rive sou prezidan Preval ki kòm prezidan konstitisyonèl peyi a kontante l bay okipasyon sa a benediksyon ak jarèt. Nou vle di nou plan meriken nou te konbat ak tout fòs nou an toujou la. Men li gen lòt non jodi a. Yo rele l plan newoliberal, privatizasyon, ajisteman estriktirèl ak mondyalizasyon sistèm kapitalis la ki kontinye ap toupizi malere ak malerèz toupatou nan mond lan. Gouvènman nou genyen jodi a ap mache tèt bese nan likide tout antrepriz rantab Leta posede. L ap fè boujwazi entènasyonal ak nasyonal la kado yo, san konsidere enterè nasyonal la. San mande Lachanm opinyon l ki li menm tou pwofite fè tankou li pa konsène nan desizyon chèf Leta a ap pran.

Lavichè nou te konnen an pat anyen devan kalamite mas pèp la ap pase jodi a anba mache nwa mondyalizasyon kapitalis la. Lajan monte bwa nèt pou peyizan ak malere malerèz paske politisyen trafikan ak esplwatè tout kalib soti pou fini ak pwodiksyon nasyonal la pou pèmèt yo sèl wa. Leta a ak gwo boujwa yo livre peyi a bay patwon yo, gwo pwisans kapitalis yo ki prèske fin pran kontwòl peyi a nèt, nan bab yon prezidan k ap gade n nan je, pandan pèp la ap monte maswife.

Fòk nou di tou fòs òganizasyon, fòs politik, ideyolojik ak inite ki te genyen nan kan popilè a bese anpil jounen jodia. Se sa menm ki pèmèt zòt ap fè tout radiyès sa yo nan figi nou tout san kè sote ! Men, jan nou te toujou konnen l batay la se yon wout ki gen monte, ki gen desann. Nan wout sa a se yon jou pou chasè yon jou pou jibye. Jan nou te konnen l, pèp òganize ka pran so, men li pap janm ka pèdi batay !

Jodi a solidarite ant pèp yo ap ranfòse toupatou sou latè. Kòm prèv, non sèlman TET KOLE rive reprann plas li nan Via Kanpesina ki se pi gwo rezo mondyal òganizasyon peyizan yo sou latè. Jodi a, devan zo kadav nou yo, devan tout delege ak zanmi ki vin pote kole ak nou, kòdonatris Via Kanpesina / Klok pou Rejyon Karayib la prezan nan mitan nou, alatèt yon delegasyon diferan òganizasyon peyizan ki soti an Repiblik Dominikèn pou vin ranfòse lit la, ranfòse solidarite a. Ayibobo pou yo !

Nan okazyon 20 tyèm anivèsè masak Janrabèl la, TET KOLE TI PEYIZAN AYISYEN ap lanse yon gwo apèl bay tout fòs popilè, pwogresis ak demokratik peyi a pou nou mare ren nou, sere ran nou pou ranfòse kan popilè a pou n rive bay lit la yon direksyon politik demokratik e popilè kòrèk pou mennen batay la jouk nan bout. Se sèl kondisyon pou pèp la soti nan sitiyasyon makawon l ap viv jodi a.

SEL FOS NOU SE BON JAN OGANIZASYON POPILE NAN AKSYON KONSETE, PLANIFYE EPI BYEN KODONE VIV LIT TI PEYIAN YO, VIV LIT PEP LA, VIV INITE KAN PEP LA VIV SOLIDARITE NASYONAL AK ENTENASYONAL

Pou Direksyon Nasyonal la :

Silven Jan

Rosnèl Janbatis

No comments: