Friday, May 8, 2015

Declaration against the exclusion of the peasantry from the political life of Haiti

DEKLARASYON KONT ESKLIZYON PEYIZAN YO NAN LAVI POLITIK PEYI A

Pòtoprens 8 Me 2015

Pati Konbit Travayè Peyizan pou Libere Ayiti, KONTRAPEPLA, pandan 3 zan ki sot pase yo, te angaje l nan yon konba pou bonjan kondisyon kreye pou eleksyon dewoule yon fason aseptab nan peyi a. Atrave travay Senatè Janti nan palmanan, malgre tout kalte zatrap, te gen kèk ti avanse ki te fèt jiskaske nou abouti nan monte yon KEP selon lespri atik 289 konstitisyon an. Malerezman, tout jefo pou anpeche palman an kraze, pou n pat tonbe nan gouvènman pa dekrè, te tòpiye pa kèk sektè ki te pito kwè sa t ap pi bon san palman.

KONTRAPEPLA, nan lespri pou anpeche peyi a plonje pi fon nan labim, patisipe ak lonè, diyite, konviksyon patriyotik, nan yon seri negosyasyon ak dòt pati politik, pou defann respè dwa gran moun pèp la ak nasyon an, pou chwazi dirijan l nan eleksyon souverèn demokratik.

Jounen jodi a, posesis elektoral la demare nan yon anbyans chire pit, konplotay, chen manje chen, ki anonse yon lese fwape jeneral. Tout engredyan divizyon ap bwase nan yon chodyè pwenn fè pa, k ap bouyi pou debouche sou yon petodyè. San ankenn jennman, nou tonbe pase lajistis anba pye, pou konsakre enpinite. N ap plezante ak nasyonalite nou san ankenn prekosyon pou konpatriyòt ak desandan nou yo ki an danje kay vwazen. Tout briganday anfantiyay sa yo ap dewoule nan bab yon fòs okipasyon k ap chache pretèks pou peze bòt li sou kou nou, imilye nou pi rèd toujou.

Se nan yon konteks frajil konsa, eleksyon sanble pwal dewoule ak yon machin elektoral ki deside miltipliye obstak pou bay pèp la yon kanpe lwen nan zafè politik peyi a.

Jan KONTRRAPEPLA te afime l nan Kongrè Ench lan sou plas Chalmay Perat 1er me a, li pa vin nan eleksyon pou alimante kawo nan sosyete a. KONTRAPEPLA pa vin goumen non plis pou rès moso gato rasi nan festen anteman leta kadav la. KONTRAPEPLA vin fè tande yon lòt diskou, endike yon lòt vizyon, nan prezante Pwojè Peyzan an kòm altènativ pou soti nan kriz la. Se pou sa KONTRAPEPLA pap aksepte yo kontinye politik esklizyon pèp peyizan nan lavi politik peyi a, jan sa ap fèt nan posesis elektoral la.

Yon lòt fwa ankò, KONTRAPEPLA oblije denonse sitiyasyon ekslizyon peyizan yo nan lavi politik peyi a. Malgre se yo ki pote chay ekonomi nasyon an prèske pou kò yo, depi plis pase desan lane, sosyete a pa janm rekonèt veritab wòl poto mitan gason ak fanm peyizan yo. Yo toujou konsidere yo kòm moun andeyò sosyete a.

Nan moman kote kapasite rezistans peyizan yo prèske fin febli, ak nan moman peyizan chwazi chemen eleksyon pou manifeste yo sou sèn politik la, reskonsab Leta yo kontinye aplike politik diskriminatwa kont 75% popilasyon an ki se peyizan.
KONTRAPEPLA denonse sa ki sanble yon manèv pou anpeche peyizan kapab kandida ak vote san difikilte :

1. Lè yo ekzije tout kandida yo antre Pòtoprens vin chèche ekstrè achiv.

2. Lè lapolis ap fè peye pou papye rekonesans dekrè lwa elektoral la mande.

3. Lè reskonsab tribinal yo mande lajan yo vle pou sètifika yo.

4. Lè DGI ap mande peyizan yo peye yon pakèt lajan kòm enpo sou revni. Sa varye ant 11 mil goud ak 35 mil goud, selon volonte ajan DGI a.

5. Lè dekrè lwa elektoral la prevwa sèlman 2 sant vòt pa seksyon kominal, epi ogmante selon volonte

KEP a, alòske menm seksyon kominal ki pi piti a ta bezwen omwens 4 sant vòt
KONTRAPEPLA ap kanpe mobilize pou anpeche peyizan yo viktim yon lòt fwa ankò, aloske se yo ki pote byen wo flambo respè diyite nasyon an. Se yo ki kenbe byen vivan yon filozofi ak yon modèl lavi kòm repons pou nou soti nan sistèm briganday gaspiyay k ap kale mizè ak dezolasyon sou planèt la.

KONTRAPEPLA ekzije pou Leta ak KEP a leve tout baryè ki ka bloke patisipasyon peyizan yo nan lavi politik peyi a, an patikilye nan eleksyon k ap vini yo.

KONTRAPEPLA, ògan politik yon pwojè peyizan, ap lanse yon apèl bay tout sektè nan sosyete a ki kwè nan avni peyi a, kòm nasyon lib e ki rekonèt wòl istorik peyizan yo jwe nan tout gran moman nan lavi peyi a. Nou pa andwa kite twaka popilasyon peyi a ki se peyizan pou kont yo nan batay sa. Peyizan yo ap pot labanyè nan yon batay kont enjistis, kont eksplwatasyon, kont briganday ak gaspiyay pou sove espas fizik peyi a, defann souverènte nasyon an nan tout domèn ak libète tout sitwayen alawonnbadè.

POU YON PEP LIB NAN YON PEYI GRAN MOUN.

POU KONTRAPEPLA.

______________________________
Jean William JEANTY
Kòdonatè Nasyonal

____________________ _________________________
Philfrant ST NARE