Thursday, January 22, 2009

Etazini/Barack Obama : Yon prezidan nwa nan Kay Blanch meriken an

Etazini/Barack Obama : Yon prezidan nwa nan Kay Blanch meriken an

mèkredi 21 janvye 2009

(Read the original article here)

Pòtoprens, 21 janv. 09 [AlterPresse] --- Prezidan tou nèf peyi Etazini a, Barack Hussein Obama, antre nan pòs li, nan palè nasyonal ameriken an, jounen madi 20 janvye 2009 la, apre li fin ranpòte lamayòl nan eleksyon ki fèt nan dat 4 novanm 2008 la, dapre sa moun toupatou .sou latè te ka wè nan televizyon entènasyonal yo.

Barack Obama, ki se premye prezidan nwa nan listwa Etazini, te sèmante l ap respekte konstitisyon peyi l devan plis pase 2 milyon moun ki te mobilize pou asiste seremoni an.

Prezidan ameriken an te fè yon diskou 20 minit, kote li rekonèt ki jan defi, l ap jwenn sou chimen l yo, grav anpil

Gwo kriz peyi Etazini ap travèse jounen jodi a se rezilta iresponsablite ak gwo nanm yon latriye moun, dapre prezidan tounèf la ki fè konnen : eta ekonomi amerikèn lan ye a mande pou poze aksyon fèm epi ki rapid.

Barack Obama fè yon diskou ki pote lespwa. Li te manyen sitiyasyon lagè k ap vale teren nan peyi Irak ak Afganistan.

Madi swa 21 janvye 2009, prezidan Obama pran premye desizyon l an favè prizonye ki sou baz militè Gwanntanamo yo, sou teritwa Kiba.

Obama mande sispann, pou 120 jou, tout aktivite lajistis devan tribinal espesyal yo bay non tribinal esepsyon yo.

Yon desizyon jij militè Stephen Henley koumanse egzekite jounen mèkredi 21 janvye a, kote li sispann demach tande 5 prizonye yo te akize nan atak ki te fèt sou Etazini nan dat 11 sektanm 2001.

Barack Obama deja gen tan pale nan telefòn ak chèf teritwa Palestin nan, Mahmoud Abbas, kote li pwomèt li pral travay pou fè lapè tabli nan zon yo rele pwòch oryan an.

An Ayiti, si anpil moun te gen chans suiv devan televizyon yo seremoni enstalasyon Barack Obama a, anpil lòt te branche ti radyo yo pou te tande sa k t ap pase lakay blan meriken, kote yon nèg nwè rive prezidan premye pisans sou latè.

Nan Pòtoprens, yon gwoup sitwayen k ap mache dèyè Obama te menm fè chante yon mès aksyon gras pou salye enstalasyon prezidan tou nèf la nan Kay Blanch ameriken an.

Barack Obama se karantkatriyèm prezidan peyi Etazini.

Li ranplase nan pòs sa a George Walker Bush ki, apre 8 lane sou pouvwa, se youn nan prezidan ki plis pa gen bon repitasyon tèlman yo te wè l kom patizan kagè detan li te sou pouvwa ameriken an.

2 comments:

sami said...

Hi Michael,
I appreciate your blog! I really wish I could read this entry... I don't suppose you have the time to paraphrase in English (or French) for me?

cheers,
sami

Michael Deibert said...

Oh, would love to translate it, Sami, but deadlines for my own stories and such preclude the possibility at the moment. It is essentially just a Kreyol-language meditation on the Obama inauguration in "Etazini" (the United States). I try to post articles in Kreyol from time to time here to help increase the visibility of the language and, when I had more time on my hands, used to post to Kreyol-language discussion forums as well, just to keep in practice. It's a lovely, poetic language that is very worth learning.

I am glad you enjoy my blog!

A plus tard,

Michael