Wednesday, July 22, 2009

Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen konferans de près

20-07-09


Tèt kole Ti Peyizan Ayisyen


Konferans de près nan okazyon 22 e anivèsè masak ti peyizan Jan Rabèl ak Bocho yo, ki gen pou tèm:


Ann goumen pou refè peyi Dayiti,Nan relanse agrikilti ti peyizan yo, Nan rebati anviwonman an, atravè yon pwogram refòm agrè entegre.

  • 23 Jiye 1987-23 jiyè 2009 safè 22 lane depi grandon,chèf seksyon ,lame Dayiti ,choukèt lawouze ak yon sektè nan legliz la te mete tèt ansanm pou yo reyalize yon gwo masak sou ti peyizan gwoupman tèt ansanm Jan Rabè ak Bochan yo ,yon jou ti peyizan Tèt kole pap janm bliye.

  • Premye me 1986 plis pase 10 mil peyizan te desann nan lari Jan Rabèl pou denonse abi, enjistis yap sibi kòm peyizan,responasab peyi a mete deyò nan tout sevis ki genyen nan sosyete a ,tankou edikasyon, sante,dlo potab,pandan yap peye taks nan kontribisyon san konnen kisa otorite peyi a ap regle ak lajan sa yo ,evènmam sa a ta pral monte kolè grandon ki genyen nan rejiyon an yo asasinen 139 peyizan.

  • Kriminèl yo te mete tèt yo ansanm ,yo asasinen 139 peyizan malere poutèt peyizan yo tap reklame jistis sosyal ,pou tè leta ki te anba men grandon yo peyizan yo tap mande pou dlo kap gaspiye nan twa rivyè dwe sèvi pou awoze vale twa rivyè, plèn delab jiska mòl Sen Nikola, kriminèl yo te asasinen peyizan yo poutèt yo tap mande akonpayman teknik pou travay tè yon an pi bon kondisyon.

  • Kriminèl yo te reyalize masak 23 jiyė 1987 poutèt peyizan yo tap denonse plan amriken te genyen pou peyi a depi epok 80 yo kap kontinye jis jounen jodia pandan yap kontinye kenbe vant popilasyon an nan voye achte manje lòt bò dlo, ba yo sinistre pou kraze pwodiksyon nasyonal la patikilyèman pwodiksyon agrikol ti peyizan yo.

  • Kriminèl yo te òganize masak 23 jiye sou ti peyizan Jan Rabèl ak Bochan yo poutèt yo tap mande pou leta fè rebwazman nan tèt mòn yo pou anpeche dlo pote ale ti kras tè yo nan lanmè, poutèt yo tap reklame jistis sosyal ,poutèt yo tap mande pou tè leta kinan men grandon vin nan men peyizan yo, pou yo travay paske atik 36 konstitisyon peyi a di tè dwe rete nan men moun kap travay tè, olye yo fè sa yo pito ap fè konplo ak kominote entènasyonal la patikilyèman gouvènman Etazini pou plante gwo metiyen (jatrofa) sou tè yo.,yon pwojè anti peyizan ki pral fini nèt agrikilti peyi a patikilyèman agrikilti ti peyizan yo.

  • Kriminèl yo fè masak 23 jiye 1987 la paske peyizan Jan Rabel yo tap mande pou tè leta yo rebwasepou ti peyizan jwen tè pou yo travay pou gen manje nan peyi a ,pou grangou kaba pou pitit pèp la jwen manje pou yon manje .

  • 22 lane aprè malgre rèl Tèt Kole ak solidarite lot òganizasyon chak 23 jiye kise dat masak ti peyizan Jan Rabèl yo,peyizan yo pa janm rate okasyon pou mande jistis ak reparasyon pou viktim yo ak anmiy viktim yo, tout prezime kriminèl ki te reyalize masak la ap pwonmennen anba je tout otorite peyi a, responsab yo pa janm pran desizyon pou arete kriminèl yo, jije yo epi dedomaje viktim ak fanmiy yo,22 lane aprè jistis ak refòm agrè pa meenm enskri nan kaye responsab peyi a.

  • Nan okasyon 22 e anivèsè masak la TètKole di gouvènman an responsab peyi a pran responsabilitel pou viktim yo ak paran viktim yo jwenn jistis ak reparasyon jan lalwa dil la pandan TèT Kole Ti peyizan Ayisyen ap tann nan menl repons sou ansanm revandikasyon say o:

  1. Rekonèt 23 jiye kòm jounen nasyonal peyizan

  2. Yon pwogram refòm agrè entegral

  3. Sispann privatize antrepriz piblik yo

  4. Pibliye lwa sou sale minimòm nan jounal monitè,jan palmantè votel la (200 G) la pou pèp la rale yon souf.

  5. Pran desizyon ak responsabilite pou legalize tout tè leta ti peyizan okipe nan peyi a,patikilyèman nan depatman nodwès komin : Pod pè, Jan Rabèl,mòl sennikola ak Bèdeyèn .

  6. Relanse agriklti peyi a ,patikilyèman pwodiksyon agrikol ti peyizan yo

  7. Gen yon politik pou rezoud pwoblem anviwonman peyi a pou anpeche twòp pye bwa koupe

Ann goumen pou refè peyi a, Nanrelanse agrikilti ti peyizan yo, Nan rebati anviwonman an,atravè yon pwogram refòm agrè entegre.


Ann kontinye batay nan inite popilè nan bonjan òganizasyon gran moun .Viv lit pèp la patikilyèman lit peyizan yo,aba jatrofa plan lanmò.


Pou komite ekzekitif nasyonal Tèt kole ti peyizan Ayisyen:


Jean Baptiste Rosnel Gertha Louisama Jean Jacques Henrilus

No comments: