Thursday, August 23, 2007

Sou chimen tribinal popilè espesyal pou jije politik privatizasyon ak plan neyoliberal la

(This open letter protesting privatization plans in Haiti was recently released by 10 left-wing Haitian groups. The original can be read here. MD)

Lèt tou louvri plizyè òganizasyon voye bay minis travo piblik, Frantz Verella

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 21 out 2007

Soti nan : Regwoupman òganizasyon k ap lite kont politik privatizasyon antrepriz piblik yo

Pou : Frantz VERELLA, Enj. Minis TPTC Nan biwo l

Objè : Envitasyon

Misye Minis,

Nou menm sendika ak òganizasyon popilè ki siyen lèt sa a, nou konstate ou asosye w ak yon rejim ki pase nan opinyon piblik la pou patizan pèp pandan ekip la ap mare peyi a pi di nan pye tab pisans enperaylis yo. Depi 1991, nan ti pas kout, in-de, lavalas ap jwe alimba ak pouvwa leta yo pandan okenn nan revandikasyon pèp la aprè 7 fevriye 86 yo pa rive satisfè alewè pou revandikasyon fondalnatal mas popilè yo k ap soufri depi 1803. Olye lavalas kreye travay li revoke plis pase 10.000 travayè nan biwo ak antrepriz leta yo epi demantibile tout enstitisyon piblik yo. Olye lavalas remanbre pwodiksyon nasyonal la, li louvri vant peyi a bay machandiz Etazini, Dominikani ak Brezil. Diri pèpè, zagribay poul ak ze sendomeng ap simen payèt. Kap rejim nan tèlman pran van, kounye a li deside bay sektè prive a kontwòl pò yo, ayopò yo, li deside remèt pwodiksyon kouran an bay sektè prive, remèt sektè telekominikasyon an nèt bay prive, pou foure pèp la nan yon politik konsomasyon telefòn san nesesite epi detounen ti kras rezèv peyi a. Akoz ministè w ap dirije a gen gwo responsablite nan fin dechalbore ekonomi peyi a, paske li se ministè ki alatèt majorite enstitisyon piblik ki sou lis likidasyon an, sou chimen ranmase enfòmasyon pou tabli yon tribinal popilè k ap gen pou jije privatizè machann peyi yo, privatizasyon an ak plan neyoberal la, nou envite w vin pote eklèsisman nan yon konferans-deba sou bilan politik privatizasyon an, nan oditoryòm Lekòl Nòmal Siperyè, ri monseyè Giyou, mèkredi 22 out 2007 la, jou deklanchman soulèvman jeneral esklav yo, a 3zè nan aprè midi.

Nou swete, Misye Minis, w ap jwenn yon ti tan pou vin ede n konprann pi byen politik detwi pèp ak kraze peyi gouvènman ou ladan l lan ap aplike a.

N ap kontinye òganize n pou pouvwa kontwòl pèp la tounen yon reyalite !!!

Pou òganizasyon : MODEP, UNNOH, PAPDA, SOETEL, FESTRED’H, ASOHQ BAREH, CHANDEL, MOVE, CERCLE GRAMSCI, SAJ/VEYE YO...

Yves SANON

Guy NUMA

Jean MABOU

No comments: