Monday, August 13, 2007

PLANOPA denonse politik ekonomik gouvènman an

The following is a statement for the Platfòm Nasyonal òganizasyon Peyizan Ayisyen (PLANOPA) peasant collection (in its original Kreyol) criticizing (to put it mildly) the economic policies of the Haitian government. MD

Ayiti : PLANOPA denonse politik ekonomik gouvènman an

jedi 9 out 2007

(Read the original here)

Kominike Platfòm Nasyonal òganizasyon Peyizan Ayisyen (PLANOPA)

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 9 out 2007

Nou menm manm kòdinasyon Platfòm Nasyonal òganizasyon Peyizan Ayisyen, “PLANOPA”, ki soti nan 8 depatman jewografik peyi a e ki reprezante 221 òganizasyon peyizan, nou te reyini nan dat 7 ak 8 Daout la nan pòtoprens kote nou reflechi sou sitiyasyon peyizan yo ak fason pouvwa leta yo ap Mennen bak peyi a. Aprè anpil brase lide, men sa nou konstate:

Depi gouvènman Préval / Alexis a pran pouvwa a sitiyasyon peyizan yo ak mas popilè a vin pi grav. Mizè, grangou ap pete fyèl pèp la, malgre dola a bese jiska 34 goud, lavi a vin pi chè chak jou pi plis, pouvwa acha popilasyon an bese nèt.

Gouvènman an pa kreye okenn travay pou soulaje mizè pèp la. Okontrè, gouvènman an ap aplike yon politik neyoliberal tèt bese pou satisfè enperyalis la odetriman enterè mas popilè yo, tankou : privatizasyon antrepriz piblik yo, revokasyon moun pa bann e pa pakèt. Divès kote nan peyi a, grandon ap kouri dèyè peyizan yo sou tè yap travay yo. Anpil pawòl ap pale pou kontinye kouri dèyè peyizan yo sou tè yap travay pou tabli lòt zòn franch nan peyi a. Eske sa se rezilta refòm agrè prezidan Préval te fè a ? Tout sa rantre nan kad aplikasyon pwogram politik ekonomik neyoliberal kap fèt nan peyi a.

Palman ayisyen an, pap defann enterè pèp la tout bon vre, yo pa fè anyen pou bare plan anti-pèp, anti-peyizan ke gouvènman an ap aplike la a yo pi enterese ap defann ti enterè mesken ki pap mennen peyi a okenn kote.

Nou konstate tou, majorite lidè politik yo rete an silans devan move sitiyasyon peyi a paske yo jwenn moso pa yo nan gouvènman an. Ak ki figi yap retounen vin mande pèp la vòt ankò?

Se vre ensekirite a fè yon ti bese, se vre anpil chèf gang anba kòd men èske gwo kantite zam ilegal kap sikile nan peyi a pa rete yon menas pou popilasyon an ? Eske arete kèk chèf gang vle di tout gang yo kraze ? Eske tout kriminèl ki tap simen lanmò, masakre pèp la deja anba kòd ?

Nou menm nan PLANOPA, nou denonse ak tout fòs nou, politik ekonomik gouvènman an ap aplike nan peyi a, kòm yon politik anti pèp, anti peyizan. Nou mande gouvènman Préval / Alexis a pou kanpe sou plan lanmò sa a. Nou rete kwè antrepriz piblik yo gen pwoblèm jesyon ak kòripsyon ki merite rezoud, men yo pa dwe vann pou satisfè plan enperyalis la. PLANOPA pwofite pote solidarite l bay peyizan APROLIM yo nan Limonad ke grandon ap kouri dèyè yo sou tè yap travay epi nou mande pou gouvènman an pran tout mezi pou peyizan APROLIM yo jwenn lapè sou tè yo, san pèsekisyon grandon yo.

Nou denonse gouvènman an ki fèmen je l devan grangou kap ravaje pèp ayisyen an pandan li mare sosis ak Tonton Sam pou pwodwi Mestiyen ki pral sèvi matyè premyè pou fè agrokabiran pou fè machin mache alòske sak ta dwe priyorite peyi a jounen jodia se pwodiksyon manje natif natal pou pèp la konsome..

Nou mande pou tout peyizan makònen fòs yo chak jou pi plis pou defann tèt yo devan plan lanmò a.

Viv inite nan sektè peyizan an ! Aba okipasyon peyi a ! Aba plan lanmò a !

Pòtoprens, Mèkredi 08 Daout 2007

Pou Planopa :

Philefrant St-Naré, Kòdonatè

Yvette MICHAUD, Trezoryè

Taléus CHRISTOPHE, Pòtpawòl

Assancio JACQUES, Sekretè

Milostène CASTIN, Manm

No comments: